An 2022, tèm IND a se Enfimyè: Yon Vwa pou Lidèchip – Envesti nan swen enfimyè epi respekte dwa pou garanti sante mondyal. #IND2022 konsantre sou nesesite pou envesti nan swen enfimyè epi respekte dwa enfimyè yo pou nou ka bati sistèm sante ki solid e ki gen bon kalite pou satisfè bezwen moun ak kominote yo kounye a ak nan lavni.

Jounen Entènasyonal Enfimyè yo(IND) se yon jounen entènasyonal yo selebre atravè lemond chak 12 me (anivèsè nesans Florence Nightingale) pou make kontribisyon enfimyè yo fè nan sosyete a.


Dat piblikasyon: 12 Me 2022