Premyèman: Kisa COVID-19 la ye?
COVID-19 se maladi enfeksyon ki koze pa kowonaviris ki pi fèk dekouvri a. Moun pa t konnen nouvo viris sa a ak maladi a anvan epidemi an te kòmanse nan Wuhan, Lachin, an Desanm 2019.
Dezyèmman: Kijan COVID-19 la gaye?
Moun ka pran COVID-19 nan men lòt moun ki gen viris la. Maladi a ka gaye de yon moun a yon lòt atravè ti gout ki soti nan nen an oswa nan bouch la lè yon moun ki gen COVID-19 touse oswa rann souf. Ti gout sa yo tonbe sou objè ak sifas ki ozalantou moun nan. Gen lòt moun ki pran COVID-19 lè yo touche objè sa yo oswa sifas sa yo, epi answit touche je yo, nen yo oswa bouch yo. Moun ka pran COVID-19 tou si yo respire ti gout ki soti nan yon moun ki gen COVID-19 ki touse oswa rann ti gout. Se poutèt sa li enpòtan pou rete plis pase 1 mèt (3 pye) lwen yon moun ki malad. Epi lè lòt moun ap viv avèk moun ki gen viris la nan yon espas fèmen pandan yon bon bout tan, yo ka enfekte tou menm si distans la plis pase 1 mèt.
Yon lòt bagay, moun ki nan peryòd enkubasyon COVID-19 la kapab gaye lòt moun ki pwòch yo tou. Donk tanpri pran swen tèt ou ak fanmi ou.
Twazyèmman: Ki moun ki gen risk pou yo devlope maladi grav?
Pandan chèchè yo ap toujou aprann kijan COVID-2019 afekte moun, moun ki aje ak moun ki gen pwoblèm medikal pre-egzistan (tankou tansyon wo, maladi kè, maladi poumon, kansè oswa dyabèt) sanble devlope maladi grav pi souvan pase lòt moun. Epi moun sa yo pa jwenn swen medikal apwopriye lè premye sentòm viris la parèt.
Katriyèmman: Konbyen tan viris la siviv sou sifas la?
Li pa sèten konbyen tan viris ki lakòz COVID-19 la siviv sou sifas yo, men li sanble konpòte li tankou lòt kowonaviris yo. Etid yo sijere ke kowonaviris yo (ki gen ladan enfòmasyon preliminè sou viris COVID-19 la) ka pèsiste sou sifas yo pandan kèk èdtan oswa jiska plizyè jou. Sa ka varye selon diferan kondisyon (pa egzanp, kalite sifas, tanperati oswa imidite anviwònman an).
Si ou panse yon sifas ka enfekte, netwaye li avèk yon dezenfektan senp pou touye viris la epi pwoteje tèt ou ak lòt moun. Netwaye men ou avèk yon savon ki gen alkòl ladan l oswa lave yo avèk savon ak dlo. Evite touche je ou, bouch ou oswa nen ou.
Senkyèm: Mezi pwoteksyon
A. Pou moun ki nan zòn kote COVID-19 ap gaye oubyen ki te vizite yo dènyèman (nan 14 dènye jou yo)
Izolez tèt ou lè w rete lakay ou si w kòmanse santi w malad, menm avèk sentòm ki pa grav tankou maltèt, lafyèv ki ba (37.3 C oswa plis) ak yon ti nen k ap koule, jiskaske ou geri. Si li esansyèl pou ou gen yon moun ki pote pwovizyon pou ou oswa pou ou soti, pa egzanp pou achte manje, mete yon mask pou evite enfekte lòt moun.
Si ou gen lafyèv, tous ak difikilte pou respire, chèche konsèy medikal touswit paske sa ka akòz yon enfeksyon respiratwa oswa yon lòt pwoblèm grav. Rele davans epi di founisè swen sante ou a nenpòt vwayaj resan oswa kontak ak vwayajè.
B. Pou moun nòmal.
Mete mask chirijikal
Netwaye men ou regilyèman epi byen avèk yon savon ki gen alkòl oubyen lave yo ak savon ak dlo.
Evite touche je, nen ak bouch.
Asire w ou menm, ak moun ki bò kote w yo, swiv bon ijyèn respiratwa. Sa vle di kouvri bouch ou ak nen ou ak koud ou oswa yon mouchwa lè w ap touse oswa estènye. Apre sa, jete mouchwa ki itilize a imedyatman.
Rete lakay ou si ou pa santi w byen. Si ou gen lafyèv, tous epi ou gen difikilte pou respire, chèche swen medikal epi rele davans. Swiv enstriksyon otorite sante lokal ou a.
Rete okouran de dènye pwen enpòtan COVID-19 yo (vil oswa zòn lokal kote COVID-19 ap gaye anpil). Si posib, evite vwayaje nan kote - sitou si ou se yon moun ki aje oswa ou gen dyabèt, maladi kè oswa poumon.
Dat piblikasyon: 1ye jen 2020